Non – Grame kreyol ayisyen

A VPN is an essential component of IT security, whether you’re just starting a business or are already up and running. Most business interactions and transactions happen online and VPN

Non

Konprann diferan tip non yo pa twò difisil, men li ka parèt yon ti jan konplike akoz de anpil, anpil non ki genyen. Annik fè yon ti gade nan paj sa a unsure.gif  w ap wè anpil non pwòp, non komen, non konpoze; sa ki pliryèl, sa k sengilye e latriye.


Non

Non – Se pati nan diskou a yo itilize pou idantifye yon moun, yon plas, yon bagay, yon kalite oubyen yon aksyon. Non an ka gen pou fonksyon sijè oubyen objè yon vèb, objè yon prepozisyon oubyen yon apozitif.
Egzanp: Jak, Jakmèl, liv.null

Diferan tip non

· Non komen – non moun (egzanp: pèp), bagay(egzanp: liv), bèt (egzanp: poul) e plas (egzanp: lekòl).
· Non pwòp – non spesyal yon moun (egzanp: Rita), yon bagay (egzanp: Microsof Word), yon bèt(egzanp: King Kong) ak yon kote (egzanp: Dèlma). Yon non pwòp toujou kòmanse ak yon Lèt Majiskil.
· Non konkrè – Yon non konkrè se jeneralman yon bagay ou ka manyen. Si w ka goute, touche, tande, santi oubyen wè yon bagay moan se yon non konkrè. Eg. dlo, van, pidza
· Non abstrè – Non abstrè se kontrè yon non Konkrè. Yon non abstrè se non yon bagay nou ka panse de li oubyen nou ka santi men nou pa kapab wè l (egzanp: zanmitay, kouraj, onètete).
 

Jan non yo

An kreyòl pa genyen jan gramatikal, sa vle di, adjektif yo ak atik yo pa chanje, yo rete menm jan an devan nenpòt non. Men yon non kapap fè referans a yon èt anime ki maskilen oubyen feminen (egzanp: manman/papa; chyen/chat; aktè/aktris).
 

Nonb non yo

Yon non kapab sengilye oubyen pliryèl.
· Non sengilye – Yon non sengilye vle di yon sèl bagay sèlman. Egzanp kabann, gason, fi, liv, kay, chat.
· Non pliryèl – Yon non pliryèl reprezante de bagay oubyen plis. Lè non yo chanje nonb òtograf yo pa toujou chanje; se lòt mo nan fraz la, spesyalman detèminan yo, ak kontèks la k ap montre yon non se pliryèl. Egzanp: gason [an] / gason [yo] : atik “an” ki chanje ki vin “yo” montre gason se pliryèl.
 

Fason non yo fòme

Non yo kapab fòme lè nou ajoute kèk lèt nan yon non, nan yon vèb oswa nan yon adjektif.

Non Non Sifiks
zanmi zanmitay –[t]ay/aj
wa wayòm
mizik mizisyen –yen/yèn

 

Vèb Non Sifiks
ekri ekriven –en
òganize òganizatè –[at]è/ez
dirije dirijan –an

 

Adjektif Non Sifiks
tris tristès –[t]ès
pwòp pwòpte –te
onèt onètete –[e]te

 


Aprè ou fin aprann anpil bagay sou non yo, li enpòtan pou nou aprann sou lòt pati nan diskou a. Ann ale!


Atik anvan Atik aprè

Mr Nova

Mr Nova

Leave a Replay

About Me

Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Recent Posts

Follow Us

Weekly Tutorial

don't worry
be happy.

share with the world

Share on facebook
Share on twitter