Pwonon

Pwonon
  • Definisyon
  • Pwonon pèsonèl
  • Pwonon reflechi
  • Òd pwonon pèsonèl yo
  • Pwonon posesif
  • Pwonon demonstratif
  • Pwonon endefini
  • Pwonon entèwogatif
  • Pwonon relatif


Pwonon

Definisyon


Pwonon - Se pati nan diskou a ki ranplase yon non oubyen yon fraz noninal. Li dezinye moyon ou bagay y ap pale de li a, yo te deja mansyone a oswa ki parèt klè nan kontèks la.

Pwonon pèsonèl


Pwonon pèsonèl - Yon pwonon pèsonèl deziye moun ki ap pale a (mwen, nou), moun y ap pale avèk li a (ou, nou)oubyen moun ke y ap pale de li a (li, yo).

Gen 2 tip pwonon pèsonèl:
  1. Pwonon pèsonèl sijè
  2. Pwonon pèsonèl konpleman


 Sengilye Pliryèl 
 PwononAbrejePwononAbreje
Premye pèsònmwenmnoun
Dezyèm pèsònouwnoun
Twazyèm pèsònlilyoy


Nou kapap mete yon siy apostwòf (') aprè lèt abreje pwonon yo (m', l', n', y') -- eksepte "w" ki se 2yèm pèsòn lan -- men jeneralman yo ekri yo san siy lan. Eg: M' te pale w;


Se menm mo yo ki sèvi swa kòm sijè oswa kòm konpleman, se kontèks la k ap pèmèt nou idantifye yo.
Egzanp: Mwen renmen ou.
Ou renmen mwen.
Nan 2 egzanp sa yo, nan premye fraz la "mwen" se sijè e "ou" se konpleman tandiske nan dezyèm fraz la "ou" se sijè e "mwen" se konpleman.

Pwonon reflechi


Pou fòme pwonon reflechi nou itilize mo "menm" aprè pwonon yo. Men anpil fwa, nan langaj kouran an, nou itilize "tèt" avèk pwonon an. Pou fraz la parèt pi klè, nou konn itilize ekspresyon "pou kont" avèk pwonon an.

Egzanp: Se mwen ki blese tèt mwen
  • Se mwen ki blese mwen-menm
  • Se mwen ki blese tèt mwen
  • Se mwen ki blese pou kont mwen





Pwonon posesif


Pwonon posesif yo gen menm fòm ak adjektif posesif pa mwen-an, pa ou-a (ou pa w-la), pa li-a, e latriye. Lè yo pou kont yo akonpaye predika a, sa vle di li ranplase non an.

Pwonon posesif yo varient en nonbre, en genre, et en pèsòn. Nan fòm ki pi ba yo, nou prezante pèsòn yo nan lòd sa a : 1ye pèsòn, 2yèm pèsòn, 3yèm pèsòn.

Yon sèl objè, yon sèl posesè :
pa mwen-an, pa ou-a, pa li-a.
abreje : pa m-nan, pa w-la, pa l-la.

Yon sèl objè, plizyè posesè :
pa nou-an, pa nou-a, pa yo-a.
abreje : pa n-nan, pa n-nan, --.

Plizyè objè, yon sèl posesè :
pa mwen-yo, pa ou-yo, pa li-yo.
abreje : pa m-yo, pa w-yo, pa l-yo.

Plizyè objè, plizyè posesè :
pa nou-yo, pa nou-yo, --*.
abreje : pa n-nan, pa n-nan, --*.

Twazyèm pèsòn pliryèl la pa egziste, paske nou pa ka di "pa yo-yo", li p ap sonnen byen. Menm jan pou adjektif demonstratif yo, itilize yon lòt fòm pou montre apatenans lan tankou: "sa yo genyen yo", e latriye.


Pwonon demonstratif


Se menm mo yo yo itilize e pou adjektif e pou pwonon demonstratif. Lè yo gen yon gwoup noninal yo detèmine, yo se adjektif (egzanp: Chèz sa-a fèt ak bwa) tandiske lè yo akonpa yon predika e yo pa gen gwoup noninal yo se pwonon demonstratif (egzanp: Sa-a fèt ak bwa)".
sengilye = sila-a, sa-a
pliryèl = sila-yo, sa-yo.

Anpil fwa, pwonon demonstratif yo ranplase yon gwoup noninal akonpaye ak yon adjektif demonstratif (egzanp: Èske w vle plim sa-a oubyen sila-a ?). Pwonon demonstratif yo kapab genyen tout fonksyon yon non ka genyen.

Pwonon endefini


Yo itilize pwonon endefini an pou deziye yon fason ki vag moyon, bèt ou yon bagay ke ide a eksprime ou non nan kontèks la. Anpil fwa, pwonon endefini yo ranplase yon non ke yon adjektif endefini entwodui (egzanp: Chak dwe pote yon bagay = chaka oditè, chak òm, chak asistan, e latriye.).

Menm jan ak adjektif endefini yo, pwonon endefini yo kapab gen plizyè fòm e nyans ki varye. Kèk advèb kantite (anpil, konbyen, ase) pafwa jwe wòl pwonon endefini (Anpil te retoyonen.).

Forme des Pwonon endefini :

Pèsòn, anyen, okenn , yoyon, lòt, yoyon lòt, ni yoyon ni lòt, plizyè, tout, yo, kèk, sèten, chak, nenpòt.
Egzanp:
M pa vle yoyon.
Okenn pa vle ale an premye.

Pwonon entèwogatif


Yo itilize pwonon entèwogatif an pou deziye yon fason ki vag moyon, bèt ou yon bagay ke ide a eksprime ou non nan kontèks la. Yo met pwonon entèwogatif nan plas yon non ke yon adjektif entèwogatif entwodui. (egzanp: Kiyès ki kase vè a ? = ki gason, ki fi, ki sòlda, e latriye ... ki kase vè a ?).

Pwonon entèwogatif kapab gen tout fonksyon yon non.

Men pwonon entèwogatif (genyen ki se pwonon relatif tou):
Ki, kiyès (kilès), kisa.

"Kiyès (kilès)?" pou poze kesyon sou moyon.

Pwonon entèwogatif kapab genyen yon konpleman. Yo fè pati, avèk endefini e demonstratif, twa pwonon ki ka resevwa yon konpleman (Egzanp: Kiyès pami nou k ap fè l ?).

Pwonon relatif


Yo mete pwonon relatif nan plas yon non ki entwodui pa yon adjektif relatif (egzanp: Mwen son je yon nonm ki te di li rich anpil. Yo mete "ki" (pwonon relatif) nan plas "nonm sa-a" (adjektif demonstratif)). Men, an menm tan, pwonon relatif la entwodui yon lyen (yon relasyon) ant de pwopozisyon yo. Li mete yon non (ou yon pwonon) an relasyon avèk yon pwopozisyon ki esplike non ou pwonon sa-a. (egzanp: Gen yon tifi ki pase ak yon gwo bouke flè). Non (ou pwonon) ke pwonon relatif la reprezante a se antesedan l.

Pwonon relatif yo se :

1. ki :

2. ke :

3. kote : egzanp: M prale lavil kote m ap ka achte tout sa m bezwen.

"Kote" kapab yon non (egzanp: li fè fèt la yon bèl kote), li kapab yon advèb (egzanp: Kote w prale ?; M vle manje kote ki pwòp) ou yon pwonon relatif (), e latriye.


Antesedan an kapab:

- yon non (ou sentagm noninal) : C'est la jolie petite maison en bois qui lui plaisait tant.
- yon pwonon (sitou pèsonèl ou demonstratif) : Se ou ki te vini yè a. C'est vous qui êtes venu hier. Pami tout liv sa-yo sa ke l prefere a se sila-a. Parmi tous ces livres celui qu'il préfère c'est celui-ci.
- yon advèb pou yon kote (isi, isi-a, isit, isit-la, la-a) : Se la-a nou ke te ye a. C'est là que nous étions. Se isi-a ke nou te manje. C'est ici que nous avions mangé.
- pafwa tout yon pwopozisyon : .

Kòm ranplasan non an, pwonon relatif la kapab genyen tout fonksyon non an. S'il n'est pas introduit par yon prepozisyon, il est toujours le premier mot de la pwopozisyon.

Kèk egzanp:

"ki" "qui" : kòm sijè, yo itilize l pou choz oubyen pou moun (Moun ki di sa-a se yon mantè. Celui qui a dit ça est un menteur. Prenez la route qui tourne). Kòm konpleman, "ki" toujou vin apre yon prepozisyon e yo pa itilize l pou choz (...).

"ke" "que" : yo itilize l pou moun ou pou choz. Li kapab sijè ou konpleman. Jeneralman, li se konpleman objè dirèk (Men liv ke m renmen an. Voici le livre que j'ai aimé).

"kisa" "quoi" : yo itilize l sèlman pou bagay, li toujou konpleman e prèske toujou vini apre yon prepozisyon (Men de kisa nou ap pale a. Voici de quoi nous parlions).

"kote" "où" : yo itilize l sèlman pou bagay e li toujou konpleman konpleman sikonstansyèl de tan ou de lye.