Detèminan

Detèminan yo se mo gramatikal ki plase kot yon non pou aktyalize l. Yo jeneralman plase apre non yo detèmine a. Yo akòde an nonb ak non an.

Detèminan an transfòme nenpòt mo ou nenpòt ekspresyon an yon non.
Egzanp: machin nan; sa ki pi bèl la

Detèminan yo:

Detèminan yo

null
Atik

Gen atik defini e gen atik endefini.

null
Atik defini


Nan kreyòl ayisyen, atik defini sengilye a se "la" e pliryèl la se "yo".
Nou ajoute atik defini an apre yon fraz nominal. Yon fraz nominal kapab gen yon sèl non, yon non avèk youn ou plizyè adjektif, yon non e yon fraz ki fonksyone kòm adjektif oubyen yon fraz posesif.
Egzanp:
1. non = lèt la
2. non e adjektif = vye kay la
3. non e fraz = lèt ke m te ekri a
4. fraz posesif = chapo papa a

Nou wè atik defini an plase apre non li detèmine a. Li kapab pran divès fòm daprè dènye son ki nan mo li detèmine a.

"La" apre yon konsòn oral: b, ch, d, f, g, j, k, l, p, r, s, t, v, z ak apre y epi w.
Egzanp : Kay la, solèy la, sik la.

"A" apre yon vwayèl oral: a, e, è, i, o, ò, ou.
Egzanp: po a, chou a, fi a, manje a

"Nan" apre yon konsòn nazal (m, n). Egzanp : chanm nan, kann nan

"An" apre yon vwayèl nazal (an, en, on, oun). Egzanp : pen an, ban an, pon an


Atik endefini


Gen 1 atik endefini an kreyòl: "yon" ki se sengilye. Pou make pliryèl, nou itilize advèb "kèk" e pafwa "plizyè".
Egzanp:
yon chyen; kèk chyen


Adjektif demonstratif


Adjektif demonstratif la, ou detèminan demonstratif la, la pou l spesifye mo (pèsòn, bèt ou bagay) y ap pale de li a.

Egzanp:
Li vle chèz sa a.
M pral pran liv sa yo.

Fòm adjektif demonstratif yo


sa a, sila a = maskilen e feminen sengilye;
sa yo, sila yo = maskilen ou feminen pliryèl.


Adjektif entèwogatif e eksklamatif


Adjektif entèwogatif, ou detèminan entèwogatif, endike ke yo poze yon kesyon konsenan èt ou bagay ke y ap pale de li a.
Egzanp:
Ki jou jodi a ye?
Ki liv ou vle?

Gen yon sèl adjektif entèwogatif an kreyòl, li se "ki"; donk li sèvi pou maskilen, feminen, sengilye e pliryèl.

"Ki" kapab sèvi pou eksprime admirasyon, etònman, ..., lè sa a li se yon adjektif eksklamatif.
Egzanp: Ki jou jodi a ye !
Yo pa itilize fòm sa a anpil an kreyòl. Pou egzanp ki vin anvan an, y ap di jeneralman: "Se pa ti bèl jodi bèl !", "Ala bèl [jou] jodi a bèl !", "Gad jan jodi a bèl !"



Adjektif endefini


Adjektif endefini eksprime swa yon ide kantite (ki souvan vag), swa yon idantifikasyon ki pa presi, de mo li detèmine a. Yo rele l tou detèminan endefini.
Egzanp:
Gen kèk non ki difisil pou pwononse.
Plizyè moun te vini.

Adjektif endefini:

Okenn, lòt, sèten, chak, divès, youn lòt, nenpòt ki, menm, pa youn, plizyè, ki, kèkonk, kèlke, kèk, tout.

Gen kèk advèb kantite yo konn plase nan kategori adjektif endefini lè yo gen yon non vin aprè yo: "ase, anpil, konbyen, ...".

Si yo plase avan yon vèb, yo ka sèvi kòm pwonon endefini.


Adjektif nimeral


Yo divize adjektif nimeral yo an 2 kategori: adjektif nimeral kadinal e adjektif nimeral òdinal.

Adjektif nimeral kadinal yo endike yon nonb presi, yon èt oubyen yon bagay.
Egzanp:
Twa pòm. Ven cheval. Kenz moun.

Adjektif nimeral òdinal eksprime ran.
Egzanp:
Dezyèm non nan lis la. Dizyèm syèk la. Trantyèm jou nan mwa a.

Fòmasyon


1. Adjektif òdinal : eksepte "premye", yo fòme yo lè yo ajoute sifiks "yèm", zyèm ou "tyèm" a kadinal korespondan an (dis => dizyèm, san => santyèm, e latriye.).
Pa konfonn Adjektif òdinal yo ak advèb nimeral yo ki yo-menm derive de fòm sa yo - dezyèm => dezyèmmam, dizyèm => dizyèmman, e latriye.

Non sa yo se kapab adjektif òdinal tou: simple, doub, trip,dizèn, centèn, e latriye.

null

null

2. Adjektif kadinal: Yo ka gen fòm senp (twa, kat, senk) oubyen yo ka gen fòm konplèks(trant- senk, karant-de). Nan fòm konplèks yo, mete yon trèdinyon ant adjektif yo si yo pi piti ke san (100). :
Egzanp:
Ven-twa.
Twa mil nèf san senkant-de.
Dis-sèt.
Senkant e en (ou Senkanteyen).


Adjektif posesif


Adjektif posesif (yo di tou detèminan posesif) montre pou kiyès non an ye.
Egzanp:
Chèz mwen-an. Tab li-a. Kaye nou-yo.
ou Chèz pa mwen-an. Tab pa li-a. Kaye pa nou-yo.

1. Yon sèl posesè e yon sèl objè:
mwen-an = premye pèsòn;
ou-a = dezyèm pèsòn;
li-a = twazyèm pèsòn.

2. Yon sèl posesè e plizyè objè:
mwen-yo = premye pèsòn;
ou-yo = dezyèm pèsòn;
li-yo = twazyèm pèsòn.

3. Plizyè posesè e yon sèl objè:
nou-an = premye pèsòn;
nou-an = dezyèm pèsòn;
yo-a = twazyèm pèsòn.

4. Plizyè posesè e plizyè objè:
nou-yo = premye pèsòn;
nou-yo = dezyèm pèsòn;
Pa egziste, yo sèvi ak yon fòm pou montre apatenans lan (yo genyen yo = twazyèm pèsòn.)

Adjektif posesif yo gen yon lòt fòm, se lè ou ajoute mo "pa" a devan yo:

Fòm sa a ki gen "pa" a ladan l lan, yo se pwonon posesif lè yo ranplase non (ou gwoup nominal la) pou kont yo.

Adjektif Posesif
SengilyePliryèlSengilyePliryèlnull
Premye pèsòn[pa] mwen-an[pa] mwen-yo[pa] nou-an[pa] nou-yonull
Dezyèm pèsòn[pa] ou-a[pa] ou-yo[pa] nou-an[pa] nou-yonull
Twazyèm pèsòn[pa] yo-a------null
nullnullnullnullnullnull


Sonje, trèdinyon an "-" fakiltatif, men Novasyon vrèman ankouraje l (sa ap evite konfizyon). Fòm "pa w-la" prèske toujou itilize olye pou yo itilize "pa ou a" (timoun plis itilize l, langaj anfanten; men se pa yon erè). Yo pa janm mete "w la" apre yon gwoup nominal, men se toujou "ou-a" (egzanp: "Liv ou a" e non "Liv w la")


null

--- A SUIV