Kòman pou w li e ekri kreyòl

Pwononsyasyon lanng kreyòl la pap yon gran pwoblèm pou ou ditou, si w deja konn li fransè ou anglè. Li prèske ekri tankou fonetik, sa vle di tout son ekri menm jan, san eksepsyon (prèske menm jan ak lanng grèk e espànyòl.) Pi ba a nou pral wè kèk prensip ak kèk egzanp pou nou kapab li e ekri kreyòl dlololoy rire.gif.

  1. Règ: Gen Yon siy pou chak son.
  2. Règ: Menm siy lan pou menm son an.
  3. Règ: Nanpwen lèt ki bèbè.
  4. Règ: Chak lèt rete nan wòl li.
  5. Kèk pyèj pou nou evite
  6. Varyasyon
  7. Aksantegi
  8. Aksan grav oubyen aksan fòs
  9. Byen pwononse atik defini yo
  10. Apostwòf (‘) ak tirè (trè d inyon) (-)
Prensip pou w li ak ekri kreyòl byen.

Genyen kat règ fondamantal pou w konnen pou w li kreyòl trè byen. Si w suiv yo, w ap kapab li e kri tout mo kreyòl trè byen ninja.png.

1. – Règ: Gen Yon siy pou chak son.

An kreyòl gen yon siy pou chak son nou itilize nan lanng lan. Prèske tout siy sa yo nan alfabè a. Se sak fè alfabè a gen 30 lèt! Donk, nou kapab ekri tout mo kreyòl ak 30 ki nan alfabè a.
Ou pap jwenn egzanp konsa an kreyòl:
Anglè: baby | bathroom waw.png
Kote lèt sa yo “ba” pwononse yon fason ki diferan nan chak mo yo.

Fransè: femme | femelle angry.gif
Kote lèt sa yo, “fe”, pwononse yon fason ki diferan nan chak mo yo.

2. – Règ: Menm siy lan pou menm son an.

Si mo yo pwononse menm jan, donk, y ap ekri menm jan an. Ebyen, lè sa a mo yo ap omonim: yo ekri menm jan an men yo gen sans diferan.
Egzanp avèk mo “jan”:
Frè m lan rele Jan. — La a “Jan” se yon non moun.
Ki jan de moun li ye? — La a “jan” kapab siyifi “tip”.

Egzanp ak mo “li”:
Mo “li” a kapab gen yon dizèn sans.
Li kapab yon vèb: Mwen konn li (fr: lire, en: to read, es: leer )

Li kapab yon pwonon pèsonèl 3èm pèsòn sengilye: Jan malad, li ale lopital. Mari se doktè, l ap pran swen Jan.
(abreje: l; fransè: il, elle; anglè: he, she, it; espànyòl: él, ella )
Konsa li kapab ranplase yon gason, yon fanm, yon bèt oubyen yon objè.

Li kapab yon pwonon objè 3èm pèsòn sengilye: Jan di li tout doulè li santi.
(fransè: lui, le, la; anglè: him, her, it; espànyòl: él, ella )

E latriye…

3. – Règ: Nanpwen lèt ki bèbè.

Ou dwe pwononse tout lèt lè w ap li kreyòl, pa gen lèt ki bèbè. Sonje, alfabè kreyòl la gen 30 lèt!
Ou pap jwenn egzanp konsa an kreyòl:

Fransè: La bouche est pleine | La a, lèt “e” a bèbè, yo pa pwononse l.:-°
Kreyòl: Bouch li plen. (si w ekri “bouche”, ou ekri yon mo ki diferan de bouch)

4. – Règ: Chak lèt rete nan wòl li.

Se pati sa a ki kapab yon pwoblèm pou kèk moun: an kreyòl, chak lèt dwe rete nan wòl li, oubyen yo dwe konsève son pa yo.

Egzanp: genyen. Èske li pwononse “gen|yen”? oubyen “ge|nyen
Repons lan:[raw][“Montre sekrè a”, “Kache sekrè a”, “visible”]

yo di “gen|yen” paske mo a ekri ak 4 lèt: g|en|y|en

[/raw]
Egzanp: chany. Èske li pwononse “chan-y” (yon silab)? oubyen “cha|ny” (2 silab)?
Repons lan:[raw][“Montre sekrè a”, “Kache sekrè a”, “visible”]

yo di “chan-y” (se yon moun ki konn netwaye soulye).

[/raw]

Sonje sa: an kreyòl, yo pa janm fè yon silab avèk yon konsòn + lèt “y” la: by non, men bi, wi; chy, non, men chi, wi!

Tout kote w wè “y” yo pa janm pwononse l kò “i” pou kont li.
Eseye pwononse mo sa a:
peny… Sekrè (klike pou w ka wè l)

“pen-y” (yon silab; yon objè pou demele cheve, penyen tèt) e non “pe|ni“

Egzanp: cheni. Èske li pwononse “chen|i”? oubyen “che|ni”?
Repons lan: Sekrè (klike pou w ka wè l)

yo di “che|ni” (se yon ensèk ki pral tounen papiyon).

Devan tout vwayèl yo, eksepte demi-vwayèl “y” ak “w”, yo toujou itilize “an”, “en”, “on” tankou 2 lèt. An kreyòl, yo pa janm fè yon silab avèk yon konsòn + lèt “y” la.

Se sa k fè yo pwononse “pèsonèl” [pè|so|nèl] e non “pè|son|èl“.
E yo pwononse bonè “bo|nè e non “bon|è”
Men yo di: “anyen” [an|yen] e non [a|nyen]
“manyè” = [man|yè]; “mànyè” = [mà|nyè]
Emànyèl e non Emanyèl
E latriye…

Dèyè mòn gen mòn

Dèyè mòn gen mòn

5. – Kèk pyèj pou nou evite

Li ap bon anpil pou w sonje pwen ki vin piba yo (sitou pou moun ki abitye li fransè):

  1. AN ak ÀN – Sonje sa a: “an” se yon lèt tandiske “àn” se de lèt (à (a aksan fòs) ak n). Gen diferans ant “dan” (moun genyen plizyè nan bouch yo) ak “Dàn” (Gen fi ki rele Dàn).
  2. E – e toujou pwononse ak bouch ouvè (tankou “é” an fransè) Egzanp: lave (netwaye ak dlo); mache (deplase…)
  3. EN ak ÈN – Sonje sa a: “en” se yon lèt tandiske “èn” se de lèt (è ak n). Gen diferans ant “ren” (ki ka siyifi senti) ak “rèn” (madanm yon wa).
    Lòt mo difisil: lane [la-ne]; manyen [man-yen] – manyè [man-yè] – mànye [mà-nye] – mànyè [mà-nyè]; anyen [an-yen]; genyen [gen-yen]; mennen [men-nen]…
  4. G – g toujou pwononse yon fason ki “di”, tankou nan gason. Egzanp: gè (fransè “guè”, se pa jè) – lajè; figi (fransè: figui, se pa fiji) – ajil.
  5. J – j pa janm pwononse tankou l gen yon son “d” devan l. Si w ap ekri mo fransè “jazz“, w ap ekri “djaz” e non jaz.
    Si w ap ekri mo anglè “job” (travay), w ap ekri l djòb e non jòb. (Anfèt, si w ekri l dènye fason an, se yon lòt son ou ekri. Apwopo, Jòb se non yon moun, li pa vle di travay.)
  6. IN – Sonje sa: “in” se de (2) lèt, li pa janm pwononse kòm lèt “en”. Yo di machin “ma|chi n” e non machen….
  7. R ak W – yo pa janmm mete r devan o, ò, on, ou ak oun. Men yo toujou mete w de preferans. (An reyalite, si w ta mete r devan yo, yo t ap bay prèske menm son an… men sa se yon fot an kreyòl). Yo ekri pwoblèm e non problèm; pwofesè e non profesè.
    Yo pa janm mete “r” devan “w”. Yo ekri: wa e non rwa; twòp e non trwòp…
  8. X – An kreyòl pa gen lèt “x”. Nou kapab fè tout prèske tout son “x” (fransè, oubyen anglè) ak “sk” oubyen ak “gz”. Yo pa di “explikasyon” men yo ekri “eksplikasyon”; yo pa ekri “extraòdinè” men yo ekri “ekstraòdinè””; yo pa ekri “exanp” men yo ekri “egzanp”.
  9. Y ak I – An kreyòl Se sèlman “y” yo itilize devan yon vwayèl, men yo pa janm itilize “i”. Egzanp: marye e non marie

6. – Varyasyon

An kreyòl gen anpil varyasyon nan mo yo. Gen varyasyon lè ke pou yon menm bagay, yon konsèp ou yon ide yo ekri yon mo deferan fason tou depan de nan ki zòn yon moun soti Ayiti, oubyen antouraj moun lan. Donk, varyasyon yo ekri e pwononse yon ti jan diferan, men yo gen menm sans lan e yo kòrèk gramatikalman.
Kèk varyasyon:
Semèn ak semenn, lanng ak lang; goch, gòch; jón ak jòn; anviwónman ak anviwònman; mond ak monn; fransè ak franse; anglè ak angle; espànyòl ak espayòl; chèn ak chenn, pànye ak panyen (pànye (pwononse kòm fransè “panier”) panyen), vèr ak vèt… e latriye. Yo chak gen yon ti varyason nan pwononsyasyon yo.

A pwopo, Novasyon ankouraje w pou w itilize tout pwononsyasyon ki vin an premye yo huh.png .

 

7. – Aksantegi

Petèt lè yo pa t panse ke yo t ap bezwen aksantegi (“é” oubyen “ó”) nan lanng kreyòl la nan ane 1990 yo. Men yo itilize aksantegi sou de lèt sa yo kòrèkteman nan anpil bonjan ouvraj.
Aksantegi a fè nou kapab di “jón” (ki pwononse menm jan ak “jaune” fransè a), e nou pa oblije ekri “jòn”.
Nou ka di “énmi” si nou pa vle di “ènmi”. Nou ka ki “Amón”. Nou ka di “evénman”, nou pa oblije di “evènman”…
(An reyalite, se konsa anpil moun Pòtoprens pale ( ange.png pa gen okenn diskrimasyon la a); poukisa pou yo oblije ekri “ò” lè ke nou ap di “o” kouramman? Se aksantegi a ki pèmèt nou ekri son yo.)

Li toujou bon pou w ekri aksan yo kòrèkteman. Men, kòman pou m fè jwenn li nan yon klavye òdinatè?
ó = Alt+162. Sa vle di (Byen senp): peze e kenbe bouton “Alt” a e tape 1, 6, 2 nan pati nimerik la.
(Plis detay) Sekrè (klike pou w ka wè l)Sa vle di peze bouton “Alt” la ak anilè men goch la toutpandan w ap peze 1, 2 3 youn apre lòt nan pati adwat klavye a (bouton nimerik yo). Non, ou pap ka fè l ak bouton anlè tèt lèt yo.) Rasire w ke bouton “Num Lk” (Number Lock) la aktive (ti limyè l la dwe limen; peze bouton “Num Lk” la, pou w aktive l oubyen dezaktive l). Si w ap itilize yon òdinatè pòtatif (“Notebook ou Laptop”), petèt ou dwe peze bouton “Fn” (fonksyon) an tou, lè sa a w ap jwenn bouton 1, 2 ak 3 a sou respektivman j, k ak l.)

ó = Alt+162 (ou Fn+Alt+162 pou òdinatè pòtatif)
Ó = Alt+0211
é = Alt+130
É = Alt+0201

8. – Aksan grav oubyen aksan fòs

Yo mete aksan fòs sou a, e ak o devan n pou nou kapab pwononse yo separeman kòm 2 lèt, lè nou pa vle pwononse yo respektivman kòm an, en ou on.
Yo di Antwàn (non yon gason) diferan ak antwan. “Àn” (non yon fi: Manman l rele Àn) diferan ak “an” (atik defini: Li manje pen an).

à = Alt+133 (ou Fn+Alt+133 pou òdinatè pòtatif) Pou plis detay, gade pi wo a nan “Aksantegi”.
À = Alt+0192
è = Alt+138
È = Alt+0200
ò = Alt+149
Ò = Alt+0210

9. – Byen pwononse atik defini yo

Anpil moun, lè y ap li kreyòl, pwononse l mo apre mo, konsa yo pa bay fraz yo sans yo e yo kapab pèdi sans fraz yo oubyen yo trebiche plizyè fwa sou yo waw.png . Anpil fwa se ak atik defini yo yo gen pwoblèm.

Men atik defini yo: la (ki se atik debaz la), li chanje ou varye an “a, an, lan, nan” selon son ki vin avan li a.
Nou wè atik defini an plase apre non li detèmine a. Li kapab pran divès fòm daprè dènye son ki nan mo li detèmine a.

“La” apre yon konsòn oral: b, ch, d, f, g, j, k, l, p, r, s, t, v, z ak apre y epi w.
Egzanp : Kay la, solèy la, sik la.

“A” apre yon vwayèl oral: a, e, è, i, o, ò, ou; e apre ui tou.
Egzanp: po a, chou a, fi a, manje a

“Nan” oubyen “lan” apre yon konsòn nazal (m, n, ng). Egzanp: chanm nan, kann nan

“An” apre yon vwayèl nazal (an, en, on, oun). Egzanp : pen an, ban an, pon an
Nan fraz: Pawòl Jewova a di. Nou ap di “Je|wo|va a” (3 silab, dènye silab la ap pi lonng) e non “Je|wo|va| a” e non 4 silab.

10. – Apostwòf (‘) ak tirè (trè d inyon) (-)

Anpil lenguis antann yo pou dakò li pa nesesè pou sèvi ak tirè ni apostwòf nan mitan de mo oswa pou fè kontraksyon. Eksepte pou tirè ki kab sèvi espesyalman pou koupe yon mo ki nan bout yon liy ki fini rire.gif .
Li pa nesesè pou w mete apostwòf aprè kontraksyon pwonon pèsonèl yo (mwen – m, ou – w, li – l, nou – n ak yo – y).
Pa ekri “machan-n“; ekri pito “machann”
Pa ekri “ba li’l“; ekri pito “ba li l”
Pa ekri “antan-n“; ekri pito “antann”
Pa ekri “pou’w”; ekri pito “pou w”
Nan menm ide a, sonje pou nou pa kole mo ki fè kontraksyon yo, konsa fraz la ap pi klè:
pa ekri “M pat al lavil yè” ou “M pa’t al lavil yè“; ekri pito “M pa t al lavil yè”

Nou pa oblije mete apostwòf (‘) nan kontraksyon vèb sa yo Ale -> al: Melani t al[e] lavil yè maten. Bay -> ba/ban : Bay kou bliye / Ban m 2 goud / Ba li afè l. Kapab -> ka/kab: Yo ka[pab/kab] kouri anpil. Konnen -> konn: Èske ou konn[en] moun sa a? Gade -> gad: Gad[e] jan misye chèlbè. Genyen -> gen: Jera gen[yen] anpil tan pou sa. Mete -> met: Met[e] rad sou ou, li fè frèt. Pote -> pot: Pot[e] komisyon an demen maten. Rete -> ret: Moun sa yo ret[e] Okap. Soti -> sot: Sot[i] kò w la! Vini -> vin: Jak vin[i] pran sa ki te pou li a.

Novasyon ankouraje mete kontraksyon nan yon seri de mo, pou rann fraz la pi klè, sitou mo ki ka gen pl
Pa ekri “M on ti jan fèb“; ekri pito “M ‘on ti jan fèb”, oubyen ekri l san kontraksyon “M yon ti jan fèb”.
Pa ekri: “E pa ou m te wè la a?; Ekri pito: “‘E pa ou m te wè la a?” ou “Se pa ou m te wè la a?

Novasyon ankouraje mete kontraksyon nan yon seri de mo, pou rann fraz la pi klè
Pa ekri “M on ti jan fèb“; ekri pito “M ‘on ti jan fèb”, oubyen ekri l san kontraksyon “M yon ti jan fèb”. Pa ekri “E pa ou m te wè la a?“; ekri pito “‘E pa ou m te wè la a?”, oubyen ekri l san kontraksyon “Se pa ou m te wè la a?”


PresedanAlfabè lang kreyòl ayisyenNon anSuivan